AYITI/SEKIRITE: LAPOLIS NASYONAL DAYITI PLASE AN ETA DALÈT MAKSIMAL NAN TOUT DEPATMAN YO.

_Nan yon konferans pou laprès pòt pawòl Lapolis nasyonal Dayiti( PNH an fransè) a, enspektris Marie Michelle Verrier bay jounen madi 15 jen an, li fè konnen PNH la plase an eta dalèt maksimal nan tout depatman ki gen nan peyi a._

« Swit ak plizyè zak ki anrejistre dènye semèn sa yo nan anpil katye, wo kòmandman an deside plase PNH la an eta dalèt maksimal nan tout depatman yo », pawòl enspektris Marie Michelle Verrier.

Desizyon ki pran pou plase PNH la an Eta dalèt maksimòm nan, li gen yon pakèt lòt mezi ki akonpanye li. « Tout polisye gen lòd pou rantre nan pòs afektasyon yo, tout konje anile sof polisye ki nan ribrik malad, prezans nan lari yo pral ogmante », deklare pòt pawòl Lapolis nasyonal Dayiti a, enspektris Marie Michelle Verrier nan sa ki gen pou wè ak kèk desizyon wo kòmandman an pran.

Annatandan popilasyon pa wè sou kisa desizyon sa a ap debouche, moun rantre sid kapital la, nan nivo matisan toujou poko ka rantre lakay yo apre batay gang ak gang te fè yo kraze rak semèn ki sot pase yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …