ESPÒ/LIGA: SERGIO RAMOS KITE RÉAL MADRID AK DLO NAN JE.

_Istwa damou ant Real Madrid ak Sergio Ramos la rive nan bout li. Chak pati yo fè wout pa yo. Nan yon konferans pou laprès, Sergio Ramos ak dlo nan je, esplike rezon ki lakòz li menm ak Real Madrid chwazi separe_ .

 » Mwen pa te janm vle kite Real Madrid. Mwen te toujou vle kontinye isit la. Klèb la te ofrim yon kontra yon lane avèk yon rediksyon salaryal », deklare Sergio Ramos douvan jounalis yo sou sa ki ta lakoz Real Madrid pa renouvle kontra li.

« Mwen te vle yon kontra de (2) lane pou mwen ak fanmi m. Apre, yo di mwen òf klèb la pa valab ankò, tan an pase. Mwen pa te kont sa ».

« Mwen te deside pou mwen asepte òf la, mwen panse li te toujou sou tab la, men yo di mwen li twò ta », daprè ansyen kapitèn Real Madrid la. « Òf la, aparamman te gen yon dat ekspirasyon, men mwen pa te konn sa. Se pa te lajan ki te motivasyon mwen. Mwen te vle sèlman fè 2 lane pou mwen te ka detann mwen, pou fanmi m. M panse m te merite sa, men li pa fèt. Yon lòt etap pral kòmanse », kontinye Sergio Ramos.

Avèk 35 lane sou tèt li, plizyè klèb tankou Manchester City ak PSG gentan ap fè veteran espanyòl la je dou.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …