AYITI/PIYAJ: ANTHONY BENNETT, MÈT MACHE TI TONY AN REYAJI APRE YON GWOUP MOUN FIN FÈ DAP PIYANP NAN BIZNIS LI.

_Anthony Bennett, pwopriyetè mache ti Tony a reyaji ayè vandredi 18 jen an nan apremidi sou kont twitè li touswit aprè yon gwoup moun fin fè dap piyanp nan biznis li » mache Ti Tony » nan komin Site Solèy_ .

Nan jounen vandredi 18 jen an, ant komin Site Solèy ak Dèlma gen anpil biznis, swit ak sityasyon tansyon ki te gen nan zòn sa yo, yon gwoup moun rive piye. Mache Ti Tony pa te epanye de zak dechoukay sa yo. Mèt li, Anthony Bennett fè konnen sa pa ka dekouraje l, li ap travay pi rèd.

Mache Ti Tony se yon biznis kote yo plis vann pwodui alimantè. Nan plizyè videyo ki tap sikile sou rezo sosyal yo, gen yon gwoup moun ki tap pote ale tout sa yo jwenn kit se sou tèt yo osnon sou moto pandan bri bal pat sispann chante nan moman an.

Pa te gen okenn prezans Lapolis nan zòn estasyon Gonaviy kote mache Ti Tony ye a pou te anpeche moun fè dap piyanp nan biznis la.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …