AYITI/SOS: ANTHONY BENNETT LANSE YON SOS POU BIZNIS LI KI KONTINYE AP PIYE

_Anthony Bennett, pwopriyetè mache ti Tony, lanse yon sos pou biznis li ki kontinye ap piye nan chansrèl. Zak dap piyanp nan biznis mache Ti Tony yo ap kontinye nan Liorafood ak Kay Zo, daprè sa antrenè a fè konnen sou kont twitè li jounen samdi 20 jen 2021._

24è aprè yon gwoup moun te pote boure nan biznis mache ti Tony ki chita kòl nan estasyon Gonaviy, kote yo pote ale prèske tout sa yo jwenn daprè Anthony Bennett, zak piyaj ki ap fèt sou biznis li yo ap kontinye jiskaprezan.

« 24è pase jis kounya yap piye #Machetitony! #Liorafood! #Kayzo! Sos Ayiti ! », ekri Anthony Bennett sou kont twitè li.

Nou ap raple, nan mwens pase 24è gen plizyè antrepriz nan ba Dèlma ak komin Site Solèy ki piye.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …