ESPÒ/LIGA: PREZIDAN FC BARCELONE NAN REVE FÈ JWE MESSI AK CRISTIANO RONALDO NAN MENM EKIP

_Joan Laporta, prezidan FC Barcelone reve mete Messi ak Cristiano Ronaldo nan menm ekip, daprè kotidyen espanyòl jounal As._

Se bonm jounal mèkato a semèn sa. E se jounal As ki lage li. Joan Laporta gen nan pwojè li pou li reyini de (2) pi gwo jwè ki nan foutbòl la sou 20 dènye ane yo Messi ak Cristiano Ronaldo.

Malgre dirijan Barcelone yo gentan gen Sergio Agüero, Memphis Depay, Erick Garcia yo vle kontinye ranfòse ekip la pou sezon ki ap vini an. E nan lide sa, yo vize atakan Juventus Turin an.

Depi apre Massimiliano Allegri fin retounen nan ekip Juventus la, laprès espòtiv entènasyonal pa sispann anonse depa atakan vedèt Pòtigè a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …