AYITI/ KIDNAPIN : PLIZYÈ JÈN NAN VIL ENCH MANIFESTE POU MANDE LIBERASYON DE (2) TI FI KI TE KIDNAPE DISÈT (17) JEN PASE A.

Plizyè jèn fanm ak jèn gason ki sòti nan divès katye sant vil komin Ench ki nan depatman Sant, manifeste jounen mèkredi venn twa (23) jen an pou mande liberasyon Ganaelle Beaugé ak Malaessa Saint Peux.

Daprè esplikasyon jounalis Cenatus Peeterson, fè konnen jèn sa yo te deside pran lari a jounen mèkredi pou denonse zak ensekirite a ki gen nan komin Ench. Toujou daprè li, jèn yo esplike kesyon blakawout se youn nan sous ensekirite k’ap taye banda nan vil Ench, jèn sa yo kite gen pankat nan men yo, mayo blan sou yo ki ekri an wouj pou te montre dezakò yo ak tout deriv k’ap fèt nan depatman Sant lan. Se pandan, konfrè a presize mach sila te dewoule san okenn ensidan nan site  » Charlemagne Peralte » la, anba gwo sekirite inite depatmantal mete lòd (UDMO) nan depatman Sant peyi a.

Nou ap siyale, nan dat dis (10) jen pase a wo kòmandman polis la te enstale Ralph Dominique kòm nouvo direktè polis Sant.

 

 

Dieuva Occidor

Kredi foto: classic studio

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …