LEMONN/JISTIS: GUILLAUME SORO, ANSYEN PREMYE MINIS KOTDIVWA KONDANE POU LI PASE TOUT RÈS LAVI LI NAN PRIZON

_Lajistis nan peyi Kotdivwa kondane ansyen premye minis Guillaume soro pou li pase tout rès lavi li nan prizon. Ansyen premye minis la koupab devan lajistis pou tantativ atent « à la sûreté de l’État »._

Lajistis ivwaryèn kondane Guillaume Soro pa kontimas pou li pase tout rès lavi li nan prizon.

Avoka li, Affoussiata Bamba Lamine, direktè pwotokòl li, Soûl tu Soul ak ansyen depite Ben souk kondane yo menm pou yo pase 20 lane nan prizon.

Pou sa ki gen pou wè ak Alain Lobognon, frè Simon yo, Rigobert Soro ak Falicied Sekongo yo kondane pou yo pase 17 mwa nan prizon paske yo t ap twouble lòd piblik.

Lajistis ivwaryèn òdone tou pou kwaze mouvman politik Guillaume Soro a ki pote non « Générations et Peuples Solidaires », rapòte RFI.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …