AYITI/LANMÒ: PANDAN ANSYEN PREZIDAN J.B.ARISTIDE KOUCHE SOU DO, MANMAN LI FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO

_Madam Solange S. Pierre Louis Aristide, manman ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide rann dènye souf li jounen vandredi 25 jen 2021 an nan Miyami, patiklyèman Florid nan Peyi Etazini._ .

Alòske lidè pati politik fanmi lavalas la fèk kite peyi a pou li al resevwa swen ka li nesesite nan peyi etranje, manman li,  madam Solange S. Pierre Louis Aristide bò kote pa li mouri.

Manman Jean Bertrand Aristide te gen plizyè jou depi li te malad selon enfo nou rive jwenn. Li mouri pandan li te gen 100 lane sou tèt li.

Fanmi Jean Bertrand Aristide ap konnen yon moman difisil dènye jou sa yo. Dabò ak ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide ki gen pwoblèm sante answuit, manman li ki mouri.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …