AYITI/ SOSYETE : « CENTRE HAÏTIEN DU LEADERSHIP ET DE L’EXCELENCE (CLE) LANSE DEZYÈM EDISYON KONKOU CHANPYON LAKAY

Responsab nan fondasyon.  » Centre haïtien du leadesrhip et de l’excelence  » (CLE) lanse jedi venn kat (24) jen 2021 an, dezyèm edisyon konkou ki pote non  » Chanpyon lakay », kap gen pou fèt nan tout dis (10) depatman peyi a.

Maldayè pwogram jèn yo nan CLE, Paulinx Louis, fè konnen konkou Chanpyon lakay se yon inisyativ ki vle favorize kreyasyon antrepriz nan yon kontèks sosyal ak ekonomik difisil, kote gen swasant pousan (60%) popilasyon an ki nan chomay, daprè rapò bank mondyal te fè sòti nan lane 2020. Pilwen, mouche Paulinx, deklare konkou chanpyon lakay la se yon opòtinite ki ofri ak jèn lidè kominotè ki manm rezo CLE a, ki nan tout dis (10) depatman peyi a.

Kòdonatris pwogram jèn nan CLE a, Myrlene Mathurin, fè konnen jèn ki vle patisipe yo dwe enskri nan yon fòmilè ki disponib sou sit entènèt CLE ak tout rezo sosyal yo tankou « Facebook », e y’ap resevwa enskripsyon yo sòti depi Venn kat (24) jen pou rive venn senk (25) jiyè 2021. Madanm Myrlene Mathurin, jèn ki kapab patsipe yo dwe gen laj dizuit (18) pou rive trant senk (35) lane epi fòk jèn lan se manm rezo CLE.

Nan sa ki gen pou wè ak dewoulman konkou a, responsab yo presize inisyativ yo kenbe yo pral kapab gen videyo ak eleman pou bay enfòmasyon pou esplike ki inisyativ li ye, epi mèt zèv sila yo ap kapab kòmanse mande pou vote pou yo nan SMS, sòti dat venn sèt (27) Septanb pou rive kat (4) Novanb 2021, epi moun ki chanpyon yo ap konnen avan dizuit (18) Novanb kise jou ki rezève pou bay prim ak chanpyon yo.

Boutonfen, responsab  » Centre haïtien du leadership et de l’excelence » ( CLE), fè konnen senk (5) chanpyon yo ap resevwa plak onè, yon chèk desan mil goud (200 000) ak yon akonpayman teknik kòman pandan sis (6) mwa. Epi lòt senk (5) finalis yo, yo chak pral gen pou resevwa yon semèn fòmasyon ak de (2) lòt manm nan ekip yo a ak plak onè. Nou ap fè remake, nan premye edisyon konkou chanpyon lakay ki te fèt nan lane 2019, CLE te gen senk chanpyon kise te Katherine Vital, Naishka Léonard, Annajea Seraphin, Exsone Adrien ak Maherline Jean François.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …