AYITI/ENSEKIRITE : YON JOUNALIS  » NOUVELLISTE » BLESE AK BAL NAN RI KAPWA

Jounalis  » Nouvelliste » Fritz Pinvin, blese anba bal bandi nan aswè venn senk (25) pou louvri jounen samdi venn sis (26) jen 2021 an, nan  » Rue Capois ».

Konfrè a, ki resevwa pou pi piti twa (3) bal sa yo nan moman li tap rantre lakay li , yo te oblije kouri avèl nan ijans paske li te blese grav, jounalis la ki te dwe opere maten an pou li te kapab soulaje ak doulè yo, daprè sa ki rapòte sou eta sante jounalis la.

Nèg ak gwo zam nan peyi a pa sispann simen latwoublay, pèson moun pa epanye anba zak ensekirite a depi byen lontan anba je otorite yo nan peyi a ki sanble soud.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …