AYITI/KOVID-19 : DEFANSÈ PLIS MANDE OTORITE JIDISYÈ YO POU ÒGANIZE SEYANS EKSTRAWÒDINÈ POU GEN PLIS ESPAS NAN SANT KASERAL YO.

_Kolektif defansè plis, òganis kap fè pwomosyon ak defann dwa moun, nan yon nòt pou laprès li mete deyò 23 Jen 2021, mande otorite jidisyè yo pou òganize seyans ekstrawòdinè nan sousi pou ka gen plis espas nan sant kaseral yo parapò ak kriz sanitè Kovid-19 la ki ap ravaje peyi a._

« Kolektif defansè plis, òganis kap fè pwomosyon ak defann dwa moun wete chapo li byen ba pou li salye jefò plizyè jiridiksyon nan repiblik la ap fè nan lide pou pèmèt kèk prizonye prezante nan asiz koreksyonèl e kriminèl devan tribinal yo « , ekri nan nòt la.  » Nan jan prizonye yo pil sou pil nan sant kaseral ayisyen yo epi kowona viris la ap gaye jan lu ap gaye a, òganis la lanse yon apèl bay tout tribinal nan peyi a nan sousi pou fè plis jefò pou evite yon katastwòf imanitè pwodui nan sant kaseral yo », rekòmande defansè plis.

Alòske travay jidisyè yo poko reprann veritableman, kolektif defansè plis, parapò ak sa lonje dwèt sou otorite gouvènmantal yo. « Kolektif defansè plis fistije konpòtman iresponsab otorite gouvènmantal yo ki pa janm fè anyen pou travay jidisyè yo reprann nan peyi a, patiklyèman nan tribinal premye enstans Pòtoprens apre majistra yo te fin kanpe grèv yo a », daprè nòt la.

Kolektif defansè plis pwofite pou li raple se pral vakans jidisyè nan yon tan ki pa twò long. Si pa gen anyen ki fèt sityasyon an kapab vin anpire. » Nan sans sa, li enpòtan pou raple otorite konpetan yo prizonye benefisye dwa prezonpsyon inosans. Li se yon nesesite pou yo pran dosye yo an konsiderasyon lè n konsidere jan Kovid-19 ap vale teren pi plis chak jou nan peyi a, men tou an rezon move kondisyon enfrayimen ki genyen nan sant detansyon yo », raple òganis k ap fè pwomosyon ak defann dwa moun nan, kolektif defansè plis.

« Defansè plis rekòmande, nan sans sa, pou otorite konsène yo mete tout mwayen adekwa aladispozisyon pouvwa jidisyè a nan sousi pou fasilite travay jij ak jij enstriktè yo », konkli nòt sila a ki pote siyati Jemps DERALUS, responsab zafè jiridik.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …