AYITI/PNH: LAPOLIS DEMANTI ENFÒMASYON KI FÈ KWÈ YO ARETE PREZIME CHÈF GANG « TI MAKAK »

_Lapolis nasyonal Dayiti pote yon demanti ak enfòmasyon ki ap sikile ki fè kwè yo te mete anba kòd prezime chèf gang « ti makak »._

Nan yon konferans pou laprès pòt pawòl Lapolis la bay jounen vandredi 25 jen 2021 an, li fè konnen prezime chèf gang ti makak pran katouch, fòs lòd yo kontinye ap chache li.

Mèkredi 23 Jen ki sot pase a, lapolis nasyonal Dayiti te mennen yon operasyon pou w te demantle gwoup gang ti makak la ki tap opere nan laboul, tomasen ak plizyè lòt zòn ankò.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …