AYITI/DÈY: MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL AK FÒMASYON PWOFESYONÈL SALYE DEPA SENDIKALIS RENÉ PRÉVIL JOSEPH.

_Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl( MENFP), nan yon kominike pou laprès yo mete deyò salye depa sendikalis René Prévil Joseph ki pati pou peyi san chapo jounen dimanch 27 jen 2021 an swit ak pwoblèm respiratwa._

Fè vwèl pou peyi san chapo akoz yon pwoblèm respiratwa, MENFP pa pran tan pou li reyaji apre nouvèl lanmò sa a. « Pwofesè syans sosyal, dirijan sendikalis ki pa janm fatige, sekretè jeneral federasyon travayè ak kilti ( FENATEC), René Prévil Joseph te toujou konsilye defans travayè yo ak dwa pou timoun yo jwenn moso edikasyon », daprè kominike a.

« Toujou fè prèv anpil sajès ak ouvèti despri, li te toujou ouvè pou li chita pale nan sousi pou te toujou jwenn yon apwòch pi konsansyèl nan rezoud kriz yo pandan li te toujou ap defann enterè anseyan yo », fè konnen kominike a.

Daprè kominike a, MENFP ak sektè edikasyon an pèdi yon moun ki kwè nan travay, yon bon sendikalis, yon moun ki fè karyèl nan anseyman ak yon moun ki te ap sèvi peyi a.

MENFP pwofite okazyon pou li prezante senpati li ak fanmi, kanmarad ak tout lòt moun nouvèl lanmò René Prévil Joseph la afekte.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …