AYITI/SANTE: ETA SANTE ANSYEN PREZIDAN JEAN BERTRAND ARISTIDE AP AMELYORE CHAK JOU KI PASE.

_Daprè sa li deklare nan jounal _le nouvelliste_ jounen lendi 28 jen 2021 an, ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide fè konnen eta sante li ap amelyore chak jou ki pase.

Nan yon konvèsasyon pa telefòn li te gen ak kotidyen _le nouvelliste_, ansyen chèf Leta a fè konnen eta sante li kòmanse amelyore depi apre lè li te fin teste negativ nan Kovid-19 vandredi ki sot pase a.

Alòske anpil enfòmasyon ap sikile sou ka ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide la, jounal _le nouvelliste_ bò kote pa li, nan kad echanj li te genyen ak ansyen chèf Leta a, fè konnen eta sante lidè pati politik fanmi lavalas la komanse plizoumwen amelyore.

Aristide ki an konvalesan retwouve li nan peyi Kiba depi 24 jen 2021 ki sot pase a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …