AYITI/ELEKSYON: KONSÈY ELEKTORAL PWOVIZWA( KEP) FIKSE DAT POU ELEKSYON JENERAL AK REYALIZASYON REFERANDÒM YO NAN PEYI A.

_Konsèy elektoral pwovizwa a mete deyò yon nouvo kalendriye elektoral kote ladann yo fikse dat pou eleksyon jeneral ak referandòm yo reyalize anndan peyi a._

 » Jou eskriten konbine : prezidansyèl, lejislatif ak referandè se ap 26 septanm 2021″, daprè sa ki ekri nan kalendriye elektoral KEP a mete deyò.

Alòske eleksyon an Ayiti, sa rive souvan depi apre 1987, yo gen dezyèm tou. Konsèy elektoral pwovizwa a antisipe sa epi li tou fikse dat pou dezyèm tou. »Dezyèm tou eskriten konbine : prezidansyèl ak lejislatif se ap pou 21 novanm 2021″, mansyone kalendriye a.

Annatandan jounen 26 septanm nan rive, n ap raple 27 jen ki sot pase a se te dat pouvwa an plas la te fikse pou te referandòm nan, men otorite yo te retounen sou desizyon yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …