AYITI/ POLITIK : OEA MANDE POU GEN YON LÒT GOUVÈNMAN NAN PEYI A.

Rapò ankèt sou sitiyasyon kriz politik yo te reyalize nan peyi a nan dat uit (8) pou rive dis (10) jen pase a, ap deyò ofisyèlman demen mèkredi trant (30) jen 2021 an, daprè òganizasyon emisferik la pibliye sou kont twitè li.

OEA, ki plede anfavè pou fòmasyon yon lòt gouvènman ak yon lòt premye minis, yon lòt konsèy elektoral se pami kèk rekòmandasyon òganizasyon Leta ameriken yo fè ak aktè yo nan peyi a pou rezoud kriz la. Pilwen, emisè yo mande ak tout aktè yo pou double jefò pou pèmèt sitiyasyon kriz la debloke ak fòmasyon yon lòt gouvènman nan mitan mwa jiyè a.

Nou ap siyale, jounen lendi venn uit (28) jen 2021 an, konsèy elektoral pwovizwa fè konnen venn sis (26) Septanb ki ap vini la se dat pou reyalizasyon referandòm lan ak venteyen Novanb dat pou reyalize eleksyon jeneral nan peyi a.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …