AYITI/ ENSEKIRITE : YON JOUNALIS  » RADIO VISION 2000″ AK YON MILITAN POLITIK FANM TONBE ANBA BAL BANDI NAN KAPITAL LA .

Jounalis repòtè  » Radio tele vision 2000″, Diego Charles ak pòt pawòl pati politik  » MATRIS LIBERASYON » Antoinnette Duclair, tonbe nan aswè madi pou louvri jodi trant (30) jen 2021 an anba bal bandi nan katye Kriswa, Komin Pòtoprens.

Aksyon sa rive nan moman bandi ak zam sou motosiklèt pete bal sou jounalis Diego Charles ak sosyològ Marie Antoinnette Duclair alyas  » Netty » pandan yo te nan yon machin nan Ri Akasya  » Krisya ».

Fòk nou di, lapolis syantifik ansanm ak jij lapè te fè konsta legal de (2) kadav sa yo bonè maten mèkredi trant (30) jen 2021 an, ki te pase nwit lan ap benyen nan san epi bay otorizasyon yo pou mete de (2) kadav yo nan mòg.

Nou ap siyale, daprè enfòmasyon yo nan menm ayè madi vent nèf (29) jen 2021 an, gen pou pi piti yon dizèn moun ki mouri nan rejyon metwopolitèn pòtoprens lan.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …