AYITI/ SOYETE : KIYÈS JOUNALIS  » RADIO VISION 2000″ YO TOUYE A TE YE ?

Diego Charles, fèt nan komin Mafran depatman Grandans, li te travay kòm jounalis repòtè nan  » Radio vision 2000″ kote li te espesyalize li nan fè repòtaj ekonomik pou  » Radio Vision 2000″, daprè enfòmasyon nou rekeyi sou jounalis la.

Konfrè a, te etidye metye jounalis la nan  » Excel », aprè etid la li te rantre nan « radio vision 2000″ nan lane 2013 kòm jounalis estajè, daprè deklarasyon direktè enfòmasyon (DI) nan  » Radio Vision 2000″ la Enock Arismat, li presize jounalis Diego Charles etidye syans ekonomik, ak fòmasyon li te pran sou ekonomi te bal dwa pou espesyalize nan fè repòtaj sou ekonomi. Jounalis Diego Charles, te travay tou nan jounal an liy  » Gazette Haïti », kote li te gen de (2) lane ap travay nan medya sa a , daprè deklarasyon pwopriyetè « Gazette Haïti » a Assad Volcy.

Nou ap siyale, jounalis Diego Charles, mouri asasinen nan aswè madi pou louvri jounen mèkredi trant (30) jen 2021 an, nan ri Akasya (Kriswa) nan komin Pòtoprens.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …