LEMOND / KOWONAVIRIS : LIDÈ NÒ KOREYEN VOYE ALE PLIZYÈ RESPONSAB POU MOVE JESYON MALADI KOWONAVIRIS LA.

Lidè Nò Kòreyen Kim Jong Un, voye ale plizyè moun li akize kòm responsab grav ensidan ki gen pou wè ak maladi kowonaviris la, pami yo Pyongyang li pa rekonèt sou teritwa Nò Koreyen an.

 » moun sa yo koze yon grav ensidan ki gen pou wè ak sekirite Nasyon an ak pèp mwen an » nou tap site deklarasyon lidè Nò Koreyen an Kim Jong Un, nan kad yon reyiniyon li te reyalize nan biwo li.

Ajans ofisyèl KCNA ki pibliye enfòmasyon an , pa bay twòp detay sou kantite moun chèf Nò Kòreyen a voye ale moun sa yo paske yo fè anpil neglijans sou jesyon yo tap fè pou enpeche maladi kowonaviris la rantre sou teritwa Nò Koreyen an.

Nou ap siyale, nan moman sa peyi Nò Koreyen ap fè fas ak yon kriz alimantè akoz seri restriksyon li mete pou enpeche maladi kowonaviris la rantre sou teritwa Nò Kòreyen an.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …