AYITI/ENSEKIRITE:YON GRAN FRÈ RUTHSELLE GUILLAUME TONBE ANBA BAL BANDI.

Daprè Ruthshelle Guillaume, gran frè li, Maxnold Guillaume te pran bal nan lannwit 29 jen 2021 an pami moun ki te viktim nan Dèlma 32 ak 33 rive pèdi lavi li nan lopital. Se chantèz la ki anonse nouvèl la sou paj facebook li jounen 30 jen an nan maten._

Ayiti ap konnen youn nan moman ki pi sonm nan listwa li depi apre 1986. Nèg ak zam kontinye ap simen dèy nan mitan popilasyon an. Ruthshelle Guillaume pèdi gran frè li,Maxnold Guillaume ki te pami moun ki te pran bal yo ant dèlma 32 ak dèlma 33.

« Maxnold Guillaume, gran frè m, parenn mwen te pran bal tou yèswa. Papa m sot rele mwen  li di mwen li mouri nan lopital », ekri Ruthshelle Guillaume .

Otorite lapolis ak lajistis yo enpisan parapò ak sa kap pase nan peyi a. Diego Charles ( jounalis radio Vision 2000) ak Marie Antoinette Duclaire, militan politik se 2 pami 11 moun pou pi piti ki rive pèdi lavi yo soti nan lannuit 29 pou rive 30 jen 2021 ant dèlma 32 ak 33.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …