AYITI / LANMÒ: GOUVÈNMAN ATRISTE APRÈ LANMÒ TOUT MOUN SA YO NAN REJYON METWOPOLITÈN LAN.

Nan yon kominike pou laprès Primati mete deyò jounen mèkredi trant (30) jen 2021 an, di yo atriste aprè lanmò plizyè moun anba bal bandi nan Dèlma 32, ak Kriswa pami yo jounalis Diego Charles ak sosyològ Marie Antoinnette Duclair.

 » Premye minis pou ti bout tan Claude Joseph, prezante senpati l ak kondoleyans ak tout fanmi moun sa yo ki viktim lan », se sa nou li nan kominike a. Pou kontinye, gouvènman kondane ak tout fòs yo seri aksyon sa yo epi seri zak vyolans sa yo k ap simen dèy nan tout kouch sosyete a.

Pou fini, premye minis Claude Joseph, fè konnen ministè lajistis ak direktè jeneral pou ti tan polis la deja resevwa enstriksyon nan men gouvènman pou pran tout mezi kont seri zak sa yo epi sanksyone tout moun yo jan lalwa mande sa.

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …