AYITI/FIZIYAD: DIREKTÈ JENERAL LAPOLIS LA LONJE DWÈT SOU ALYE GUERBY GEFFRARD YO.

_Direktè jeneral lapolis la, Léon Charles, nan yon entèvansyon li fè nan laprès jounen mèkredi 30 jen an, lonje dwèt sou alye Guerby Geffrard yo kòmkwa se yo ki responsab fiziyad ki fèt nan dèlma 32 a kote gen 15 moun ki mouri pami yo : Diego Charles ak Antoinette Duclaire_

« An reyaksyon ak asasina ki fèt sou polisye Guerby Geffrard, manm SPNH17, alye li yo planifye yon fiziyad ki lakoz 15 moun mouri pami yo : Diego Charles ak Antoinette Duclaire », enfòme Léon Charles.

Diego Charles (jounalis vision 2000) ak Marie Antoinette Duclaire (militan politik) tonbe anba bal nèg ak zam nan lannuit 29 pou rive 30 jen 2021 nan dèlma 32.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …