AYITI/ENSEKIRITE: ANBASAD PEYI ETAZINI REYAJI SOU KESYON ENSEKIRITE A KI LAKOZ MOUN AP PÈDI LAVI YO NAN PEYI A

_Nan yon mesaj li poste sou kont twitè li, anbasad peyi Etazini reyaji sou kesyon ensekirite a ki lakoz sitwayen yo ap pèdi lavi yo an Ayiti_.

« Peyi Etazini gen gwo preyokipasyon sou kesyon moun ki ap pèdi lavi yo ak ensekirite jeneral la ki se konsekans vyolans gang yo. Nou kondane vyolasyon sistemik ak libète fondamantal sila yo ki abite nan kominote tankou Site Solèy, Lasalin, Bèlè, Matisan ak vilaj de dye », ekri nan mesaj la.

Parapò ak jounalis ki viktim, ki sibi pèsekisyon pandan yo ap fè travay yo, anbasad peyi Etazini pa rete endiferan.  » Nou kondane tout atak ki fèt kont jounalis yo kap sèvi tout sitwayen nan yon demokrasi », fè konnen anbasad peyi Etazini.

Yon lòt kote, anbasad peyi Etazini mande otorite yo pou pran responsabilite yo fas ak sa ki ap pase yo. « Peyi Etazini mande gouvènman ayisyen an pou li pwoteje sitwayen li yo nan goumen kont gang yo ki kontinye ap miltipliye, epi nan pran mezi pou pèmèt moun ki fè vyolans ansanm ak tout konplis yo reponn de zak yo », rekòmande anbasad peyi Etazini a gouvènman ayisyen.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …