AYITI/ KILTI : SEREMONI KLOTI KONKOU NASYONAL POTRÈ REYALIS AK REMIZ PRI KONKOU » JE PRENDS LA PHOTO ET JE PRÉSENTE ODETTE ROY FOMBRUN »

IVAP nan tèt kole ak komite konkou nasyonal pòtrè reyalis » mémoire et encre portrait  dessin  Rosny Cadet » reyalize final konkou pòtrè a kote yo te tou remèt prim konkou  » Je prends la photo et je présente Odette Roy FOMBRUN » 29 jen 2021 an nan otèl Oasis._

Konkou potrè sa te fè chwa pran pou ane 2021 an  31 patisipan nan okazyon 31 lane ansyen prezidan jenès lan nan palman  Rosny Cadet ki pran nesans 30 jen men se twa  nan  yo ki rive ranpòte final konkou an  : »2ème ARISTIDE Gaevinlee Junior ,1er MARSEILLE John Widson,3ème Vallon Stanley Morlens ».

Nan konkou enstiti valorizasyon  patrimwan Dayiti  reyalize an ki gen pou tèm « je présente Odette Roy Fombrum » genyen twa gwo gagnan ladann :Dartagnan Pascal Joseph,Jean Kerlens Fanfan ak Antoine L.Maitre epi Evens Joseph ak Valerie Genfy ».

Daprè Zachary Thermo, PDG enstiti valorizasyon patrimwàn Dayiti (IVAP), konkou sa reyalize tou nan sousi pou onore ak remèsye yon pakèt moun ki se modèl nan sosyete a.

« M kontan anpil. M panse fòk nou ankouraje talan jèn yo. Se sa mwen ap fè nan peyi a avèk òganizasyon jèn yo », daprè Rosny Cadet ansyen  jenn prezidan nan palman jenès Ayisyen an.

Anbasadè OIF la nan kesyon jenès, Rosny Cadet fè konnen, yon lòt kote, yo p ap lage jèn yo pou kò yo apre konkou a. » M ap gade pou mwen wè avèk koneksyon m genyen an Afrik, sa m genyen an Frans pou mwen wè èske ka genyen konkou pòtrè mondyal », pawòl anbasadè Rosny Cadet.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …