AYITI/ LANMÒ : DIVÈS ASOSIYASYON JOUNALIS AK MEDYA KONDANE ZAK ASASINAY SOU DIEGO CHARLES AK MARIE ANTOINETTE DUCLAIR LA .

Divès Asosiyasyon jounalis nan peyi Ayiti tankou asosiyasyon jounalis ayisyen (AJH), rezo nasyonal medya anliy ( RENAMEL) ak asosiyasyon medya endepan yo Ayiti ( AMIH), kondane ak tout fòs yo zak asasinay ki fèt sou jounalis repòtè  » Radio Vision 2000″ la Diego Charles ak Marie Antoinette Duclair.

Sekretè jeneral asosiyasyon jounalis ayisyen yo ( AJH) Jacques Derosier, kondane zak asasinay ki fèt sou jounalis Diego Charles ak sosyològ Antoinette Duclair nan zòn Kriswa, Jacques Derosier, ki raple yo diferan jounalis ki viktim pandan pouvwa anplas la. egzanp jounalis foto Vladimir Legagnuere, Rospide Petion ak jounalis Nehemy Joseph. Sekretè jeneral ( AJH) la ki di li pa rete kwè pral kapab gen jistis ki bay ak Diego Charles.

Sou bò pa yo, asosiyasyon medya endepan yo Ayiti (AMIH), nan yon nòt yo mete deyò kondane zak asasinay ki fèt sou repòtè  » Radio Vision 2000″ la Diego Charles ak Marie Antoinette. ( AMIH) ki mande pou otorite yo fè kou mèt janjak pou chache otè materyèl ak entèlektyèl krim sa yo.

Boutonfen, rezo nasyonal medya anliy yo ( RENAMEL), deplore ak tout fòs yo zak asasinay ki fèt sou jounalis Diego Charles, pandan yo montre kijan yo enkyete fas ak fason fenomèn ensekirite a ap taye banda nan peyi a .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …