AYITI/ENSEKIRITE: « ZAK TEYORIS KI FÈT LANNUIT 29 POU RIVE 30 JEN KI SOT PASE A PAP RETE ENPINI », DEKLARASYON CLAUDE JOSEPH

_Nan yon konferans pou laprès chèf konsèy siperyè polis nasyonal la bay jounen 1 jiyè a, li fè konnen atak teyoris ki fèt kont moun dèlma 32 ak chriswa yo ki lakoz 15 moun anviwon pèdi lavi yo, patiklyèman Marie Antoinette Duclaire ak Diego Charles pap rete enpini._

Chèf primati a fè konnen se yon zanmi li ki asasinen pandan li menm li se premye minis. « Antoinette Duclaire tout moun konnen sou non Netty se te zanmi m. Se te plis pase yon zanmi, se te yon sè. Netty se te yon moun ki toleran, ki entèg epi ki te kwè nan sa lap goumen kont li a », pawòl Claude Joseph.

« Diego Charles, gras a Netty Duclaire, nou te gon bon nivo amitye. Pa genyen plis pase yon semèn ou te lakay mwen, nan rezidans prive m. Mwen pat wè sa tap vini » regrèt premye minis la.

Claude Joseph pat sispann pale de Netty.  » Chak moun ki byen ak Netty konnen se yon zanmi otantik. Se yon bon zanmi. Li tap di anpil pou Netty ta mouri konsa epi krim sa teyoris yo komèt la ta rete enpini. Tout moun ki mouri yo lannuit 29 pou rive 30 jen mwen bann nou garanti krim sa pap rete enpini « , deklare Claude Joseph pandan dlo tap soti nan je li.

« Mwen vle di sa klè. Depi diznevyèm syèk la nap pratike yon vyolans politik sistemik nan peyi a ki pa menmen nou okenn kote. Nou touye. Nou boule. Nou piye. Nou pa respekte lavi », deklare premye minis pou yon ti bout tan an pandan dlo pa te sispann koule nan je li.

Chèf primati a lonje dwèt sou gwoup « fantom 509 » ki ta komèt zak asasasina ki lakoz 15 moun mouri ant dèlma ak Chriswa. « Gwoup teyoris ki rele tèt yo fantom 509 touye pou piti 10 moun. Pou nou pi klè, anviwon 15 moun nan dèlma 32 ak Chriswa ».

Diego Charles ( jounalis radyo vizyon 2000), Marie Antoinette Duclaire ( militan politik) se 2 pami moun ki pèdi lavi yo anba bal nèg ak zam nan lannuit 29 pou rive 30 jen 2021 ki sot pase a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …