AYITI/ASASINA : RADYO VIZYON 2000 KANPE EDISYON NOUVÈL SOU RADYO A.

_Radyo vizyon 2000 kanpe edisyon nouvèl sou radyo a soti 30 pou bout 4 jiyè 2021 apre nèg ak zam fin asasinen jounalis radyo a Diego Charles ak Marie Antoinette Duclaire, militan politik._

« Swit ak asasina odye jounalis nou Diego Charles, direksyon jeneral radyo vizyon 2000 anonse piblik la modifikasyon radyo a. Edisyon nouvèl yo kanpe soti 30 jen pou rive 4 jiyè », daprè nòt pou laprès ki soti a.

Direksyon jeneral Vizyon 2000 fè konnen pwogramasyon mizikal la ap redefini pwovizwaman parapò ak sikonstans yo . » Se yon fason pou Vizyon 2000 eksprime endinyasyon swit ak zak enfam ki lakoz 2 jèn pwofesyonèl pèdi lavi yo Diego Charles ak Marie Antoinette Duclaire », mansyone nòt pou laprès la.

Vizyon 2000 mande otorite konsène yo pou asime responsabilite yo pou moun ki mouri yo ka jwenn jistis, men tou pou pini koupab yo kèlkeswa moun yo ye a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …