AYITI /IMANITÈ : MERI MIRAGWÀN AK PWOTEKSYON SIVIL NIP EDE REFIJYE MATISAN YO RETOUNEN LAKAY YO.

Meri miragwàn nan tèt kole ak pwoteksyon sivil Nip ede moun kite chape poul yo anba bal bandi nan Matisan, pou te vin ateri nan komin miragwàn kenz (15) jen 2021 an.

Prezidant kominsyon minisipal Miragwàn lan, Anne Myriame Loiseau, fè konnen meri a pran desizyon pou ede seri moun sa yo tounen lakay yo gras ak akonpayman ekonomik sosyete sivil Miragwàn lan bay ak moun yo. Ajan egzekitif enterimè Anne Myriame Loiseau, ki presize chak fanmi sa yo resevwa yon anvlòp senk (5) mil goud, yon kit alimantè, yon telefòn pou kapab pèmèt yo fè kontak pou rejwenn fanmi yo epi se Meri a ki peye machin pou ale depoze yo lakay yo.

Sou bò pa yo, kèk nan benefisyè yo bat bravo pou otorite nan depatman Nip yo patikilyèman Meri Miragwàn ki te byen pran swen yo pandan tout jou yo te pase nan abri pwovizwa. Pilwen, yo fè konen yo pral fè kout ke kout ak ti sibvansyon sa pou yo kreye yon ti biznis pou reponn ak bezwen yo.

Nou ap siyale, seri moun sa yo kite kouri kite kay yo anba bal bandi nan Matisan, te sòti nan depatman Grandans, Nò peyi Ayiti.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …