Dinacheca Bien-aimé ak mennaj li, Jovenson Hilaire se 2 moun ki soti blese nan yon kolizyon ki fèt ant yon avyon ak yon moto ayè jedi 1 jiyè a Ansagalè nan Lagonav._
Daprè La nouvelle, aksidan an rive fèt nan moman Jovenson Hilaire (Sonson) t ap moutre mennaj li ( Dinacheca Bien-aimé) kondi moto sou pis aterisaj Ansagalè a pandan avyon an t ap ateri.
Jovenson Hilaire blese nan santi alòske mennaj li ( Dinacheca Bien-aimé) frape sou do je. Viktim yo blese grav. Yo retwouve yo nan sal ijans nan lopital Wesleyen Ansagalè a.
Jackson junior Rinvil