MARIE ANTOINETTE DUCLAIRE RESEVWA 7 BAL ALÒSKE DIEGO CHARLES RESEVWA LI MENM DE (2), DAPRÈ RNDDH

Rezo nasyonal kap defann dwa moun nan (RNDDH) mete deyò yon kominike pou laprès 1 jiyè a sou fiziyad ki rive pwodui nan lannuit 29 ak 30 jen an ant Dèlma 32 ak Chriswa. Daprè RNDDH, Marie Antoinette Duclaire resevwa 7 katouch epi Diego Charles resevwa li menm 2._

Fiziyad ki fèt ant dèlma 32 ak Chriswa a lakoz 13 ka lanmò ak yon moun ki blese. Pami moun ki pèdi lavi yo, gen militan politik la, Marie Antoinette Duclaire ak Diego Charles, jounalis vizyon 2000 ki pèdi lavi yo.

« Marie Antoinette Duclaire, jounalis ak militan politik resevwa 7 katouch : youn (1) nan tanp goch, youn (1) nan machwè, youn (1) nan ponyèt goch, de (2) nan tete ak de (2) lòt nan ponyèt dwat », enfòme RNDDH.

Daprè rezo nasyonal pou defann dwa moun nan ( RNDDH), pòt pawòl estrikti politik matris liberasyon an te sou volan machin li, devan baryè kay Diego Charles.

« Diego Charles, jounalis radio vizyon 2000 resevwa 2 bal : youn (1) nan flan dwat ak youn nan avan bra dwat li. Li te devant baryè lakay li, nan ri Akasya nan zòn Chriswa », daprè sa RNDDH fè konnen.

Kontrèman ak premye minis Claude Joseph ki lonje dwèt sou gwoup ki rele  » FANTOM 509″ kòm gwoup moun ki responsab sa ki pase a, rezo nasyonal pou defann dwa moun li menm lonje dwèt sou baz krache dife. » Daprè yon pakèt moun nou rankontre nan Dèlma 32 parapò ak evenman sanglan sa yo, endividi ki enplike nan òganizasyon ak penetrasyon atak sa yo, yo nan baz krache dife ki gen nan tèt li Wilson Pierre ensikoni ki gen lòt non ki sou lòt non ki se James Alexander alyas ti Sonson ak Jean Manillo Viau alyas Manino osnon Manillo », ekri nan kominike pou laprès RNDDH mete deyò a.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …