DIREKSYON PWOTEKSYON SIVIL FÈ KONNEN  » OURAGAN ELZA AP KÒMANSE AFEKTE AYITI APATI DEMEN SAMDI A »

Nan yon pwen pou laprès direksyon jeneral pwoteksyon sivil bay sou  pasaj tanpèt tropikal Elsa  responsab inite idwo metowolojik Dayiti a ki se tou kòdonatè enstitisyon an, Marcelin Esterlin fè konnen ouragan Elza ap kòmanse afekte Ayiti apati demen samdi 3 jiyè 2021 an  nan apremidi._

« Ouragan Elza gen posibilite pou li kòmanse travèse atlantik la nan kote sid epi demen apremidi vè 2è pou li kòmanse afekte peyi Dayiti. Kèlkeswa sistèm siklonik la li gen posibilite pou li afekte nou nan twa efè : efè van, efè lapli ak efè mare tanpèt la ki se lè lanmè a ap moute sou kot yo

Marcelin Esterlin fè konnen tout kot sid peyi Dayiti gen posibilite pou li afekte.

Bò kote pa li, doktè Jerry Chandlier mande tout moun pou pran prekosyon ak dispozisyon parapò ak tanpèt la k ap pwoche.  » Nou nan nivo vijilans oranj. Moun ki rete nan zòn ki riske yo tankou lè lapli tonbe dlo toujou desann, nou ap egzòte yo pou yo pran tout dispozisyon pou yo ka deplase », egzòte doktè Jerry Chandlier.

Doktè a mande tou pou moun ki rete nan zòn kote ki ka gen deboulonnay tè yo deplase  » paske lè lapli a pral kòmanse tonbe tè a pral vin mou sa ka lakoz li kapab degringole ak kay yo ». « Nou gen SEMANAH ki pral soti yon nòt tou pou mande pechè yo ak moun k ap fè aktivite bato pou yo fè yon kanpe jiskaske Elza avèk efè li genyen yo kapab pase ; kapab disparèt », enfòme mesye Chandlier.

Ouragan Elza gentan ap fè yon pakèt ravaj nan peyi Babad kote tèt kay ap vole.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …