AYITI/ AKSIDAN: KAT (4) MOUN MOURI AK DE (2) LÒT BLESE NAN YON  » CRASH » AVYON NAN KOMIN LEYOGÀN .

Kat (4) moun mouri ak de (2) lòt sòti blese grav nan yon  » Crash » avyon nan komin Leyogàn, ki nan depatman Lwès nan aprè midi de (2) jiyè 2021 an.

Selon enfòmasyon yo, ti avyon sa ki gen plak imatrikil  » N8695N » ye gen sis (6) ladanl ki t ap sòti nan kapital la, pou rantre nan komin Jakmèl, depatman Sidès, tonbe « Crash » nan lokalite « Beauséjour » , kise yon lokalite nan komin Leyogàn.

Nou ap fè remake, nan Lagonav de (2) moun te viktim nan kolizyon yon ti avyon ak yon motosiklèt nan moman yo tap aprann kondi sou pis ti avyon sa.

Plizyè moun ki bezwen al regle aktivite yo nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, oblije monte avyon akoz depi plis pase ven de (22) jou nèg ak zam achte rantre Sid kapital la lajan kontan.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …