AYITI/ ENSEKIRITE: REZO JOUNALIS NIP KONDANE ZAK ASASINAY KI FÈT SOU JOUNALIS DIEGO CHARLES .

Rezo Jounalis Nip yo (RJN), nan kad yon konferans pou laprès jounen vandredi de (2) jiyè 2021 an, kondane zak asasinay ki fèt sou jounalis repòtè  » Radio Vision 2000″ la Diego Charles, nan ri Akasya (Kriswa).

 » zak kriminèl sa yo ki mete anpil dout kay pwofesyonèl laprès yo ki ap egzèse pwofesyon nan peyi a », daprè deklarasyon sekretè RJN lan Socrate Jean Pierre, ki raple kantite jounalis ki viktim nan egzèsis metye a tankou foto jounalis Vladimir Legagnuer, Rospide Petion nan RSF ak kòrespondan radyo Mega nan Mibalè Nehemy Joseph .

Pou fini, RJN, ki mande ak otorite yo pou fè kou mèt Janjak pou tabli bon jan la verite sou lanmò jounalis Diego Charles ak Antoinette Duclair, epi pwoteje tout jounalis ki ap enfòme ak fòme popilasyon an nan peyi a.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …