AYITI/KORIPSYON : DIREKTÈ JENERAL ULCC A MANDE POU LAPOLIS CHACHE EPI ARETE PIERRE RÉGINALD BOULOS MENNEN DEVAN KOMISYON ETIK ULCC A.

_Nan yon òd rechèch inite lit kont koripsyon (ULCC) mete deyò jounen 2 jiyè 2021 an, direktè enstitisyon an Hans Jacques Ludwig Joseph mande pou Lapolis nasyonal Dayiti arete Réginald Boulos devan komisyon ankèt ULCC a ._

« Daprè alineya 2 nan atik 11 dekrè 8 septanm 2004 la ki kreye ULCC, li mansyone san ekivòk sa ki pral ekri a : II( Direktè jeneral ULCC a gen abilite pou li konstate enfraksyon koripsyon yo, rasanble prèv ak chache otè pou mennen yo devan lajistis. Si gen bezwen pou sa, li kapab mande konkou fòs piblik », ekri nan òd rechèch la.

Daprè sa ki ekri toujou nan òd rechèch la, ULCC mande pou Lapolis arete Réginald Boulos pou plizyè rezon. Pami yo: Odisyone Pierre Réginald Boulos nesesè pou konklizyon ankèt la ; antrav parapò ak bon fonksyonman nan koze Lajistis lejislatè yo reprimande sa.

Pou motif sa yo ak anpil lòt ankò, direktè ULCC a Hans Jacques Ludwig Joseph nan kalite ofisye polisye jidisyè ak kalite jandam anti koripsyon repiblik la, mande Lapolis nasyonal Dayiti, notamman Brigad rechèch ak entèvansyon (BRI) nan direksyon jeneral Lapolis jidisyè (DCPJ) pou chache epi mennen vini Pierre Réginald Boulos devan komisyon ankèt ULCC a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …