AYITI/OURAGAN ELZA :  » PASAJ SIKLÒN SA NAN SID PEYI A KAPAB DANJERE ANPIL », PAWÒL PREMYE MINIS POU YON TI BOUT TAN AN, CLAUDE JOSEPH

Nan yon konferans pou laprès direksyon pwoteksyon sivil bay nan tèt kole ak premye minis Claude Joseph jounen 3 jiyè 2021 an. Premye minis pou yon ti bout tan an fè konnen pasaj siklòn Elsa sou depatman sid la kapab danjere anpil._

Ayiti sou menas siklòn Elsa depi anviwon 4 jou. Daprè otorite metewolojik yo ak pwoteksyon sivil, ouragan Elsa ap rive nan peyi a jounen samdi a nan apremidi. Nan sans sa, premye minis pou yon ti bout tan an, Claude Joseph atire atansyon popilasyon an sou dega Elsa kapab fè. » Pasaj siklòn Elsa sou depatman sid peyi a kapab danjere anpil », deklare chèf primati a.

Doktè Claude Joseph mande popilasyon an pou swiv enstriksyon otorite lokal yo ap gen pou fè pase detanzantan nan laprès parapò ak evolisyon ouragan Elsa.

Otorite direksyon pwoteksyon sivil ak responsab metewolojik mande pou popilasyon an vijilan anpil.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …