AYITI/OURAGAN : DIREKSYON DEPATMANTAL PWOTEKSYON SIVIL NIP MOBILIZE KONT TANPÈT « ELSA ».

Direksyon depatmantal Nip ( DCPNIP), deja mobilize pou fè fas ak tanpèt « ELSA » si tout fwa previzyon yo respekte, daprè delege depatmantal Nip lan Morel Esperance Berard.

Kòdonatè depatmantal pwoteksyon sivil Nip lan, delege Morel Esperance Berard, fè konnen li rankontre jounen samdi twa (3) jiyè 2021 an, ak diferan sektè ki nan sekouris tankou pwoteksyon sivil, lakwa wouj, planifikasyon ak lòt patnè li yo pou fè previzyon sou pasaj tanpèt  » ELSA » nan depatman Nip lan. Reprezantan pouvwa egzekitif la nan depatman an, ki raple daprè inite idro metewolojik (UHM) depatman Nip sou alèt oranj.

Delege Morel Esperance Berard, ki mande ak popilasyon an pou rete veyatif koute konsèy otorite yo, koupe tout branch bwa ki sou tèt kay yo, pa travèse rivyè ak pa mare bèt kote ki gen ravin.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …