AYITI/ TANPÈT « ELSA »: DIREKSYON DEPATMANTAL NIP PWOTEKSYON SIVIL PREZANTE BILAN PWOVIZWA YO.

Direksyon depatmantal Nip pwoteksyon sivil (DCPNIP), prezante jounen dimanch kat (4) jiyè 2021 an, bilan pwovizwa pasaj tanpèt  » Elsa » nan onz (11) komin depatman an.

Pou piti yon dizèn kay dekouvri nan komin Plezans Nip ak yon dizèn bèt mouri, plizyè jaden bannann devaste nan komin Baradè, Fondenèg ak Plezans, daprè deklarasyon kòdonatè teknik pwoteksyon sivil Nip lan Fidel Nicolas, ki mande ak popilasyon an pou rete vijilan paske yo nan sezon siklonik sitou gen lòt siklòn ki rete dèyè toujou.

Sou bò pa li, kòdonatè depatmantal pwoteksyon sivil Nip lan, Delege Morel Esperance Berard, ki fè konnen pagen twò gwo viktim sof nan sektè agrikòl la. Li fè konnen li pral finalize rapò sou dega yo pou voye bay ministè agrikilti, pou kapab akonpanye agrikiltè sa yo.

Nou ap fè konnen, tanpèt « Elsa » deja kite peyi Ayiti li pran direksyon peyi Jamayik ak Lès peyi Kiba, daprè previzyon inite idwometewolojik Ayiti (UHM).

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …