AYITI/ ISTWA :  YON RÈV, TRISTÈS ,REYALIZASYON ,  ISTWA  IMÒTÈL  DIEUDONNÉ FARDIN NAN SOSYETE AN .

Diedonné Fardin gen pou vrè non  Louis-Marie Benoit Pierre. Li fèt Sen Lwi Nan depatman nòwès 18 novanm 1936 .Papa Dieudonnè Fardin se te jeneral  Thimoléon Jadotte ,ansyen chèf militè lakay prezidan  Florvil Hyppolite ak kouzen Benoit Batraville.

Editè a fè etid primè li ak sekondè li  » chez les Frères de l’Instruction chrétienne et au Lycée Tertulien Guilbaud de Port-de-Paix ».

Powèt lan kòmanse ekri depi lè li te gen 12 lane nan kaye lekòl li . Nan lane 1953 Dieudonné Fardin te gen 17 lane li te yon apranti enprimè lakay Byron Donat Bouzi, yon ansyen direktè lycée Tertulien Guilbaud.

Nan lane 1964 jounalis Dieudonné Fardin antre Pòtoprens kote li te rete Riyèl Vayan se la li pral rankontre ak kouzen li Hérard Jadotte  sa te fè li fè rankontre ak plizyè gwo pèsonalite nan peyi an tankou: Théodore Achille Jr, Max Cantave, ansyen pwofesè laten nan Pòdepè, Charles Alexandre Abellard, moun teyat ak powèt, womansye Gérard Étienne epi komedyen François Latour, moun radyo Gérard Résil.

Dieudonné Fardin antre nan Fakilte dwa ak syans ekonomi li te bay vag twa zan aprè li antre Etnoloji  pou aprann sosyoloji li te kite li ankò.

Editè an te kònn ansenye nan plizyè lekòl piblik ak prive men apre li fonde edisyon Fardin ki pote pwòp nom li men ki prale konnen yon pakèt move moman.

En 1991, Dieudonné Fardin assiste à l’un des évènements les plus tristes et les plus douloureux ayant marqué sa vie. Après avoir échappé de justesse à une tentative d’assassinat lors des scènes de violence et de dechoukage du mois de janvier, des individus ont mis le feu à sa maison de Butte-Boyer et vandalisé les ateliers des Éditions Fardin à Fontamara 27.

Nan lane 1991 ,yon evènman tris  te rive Dieudonné Fardin  kote moun yo pa rive idantifye te fè tantativ pou asasine editè an pandan te gen anpil vyolans ak dechoukaj nan mwa janvye nan peyi an.

Malfra sa yo te mete dife  nan yon kay » Butte -Boyer « epi detwi atelye Edisyon Fardin nan Fontamara 27 .

Dieudonné Fardin make istwa lèt ak panse (refleksyon) an Ayiti. Li se otè tèks ki rele  » Histoire de la littérature haïtienne ». Nan tèks sa, Dieudonné Fardin divize istwa literati ayisyen an an kat (4) peryòd : pyonye yo(1804- 1860); Lekòl patriyotik (1898- 1915); Lekòl eklektik (1898-1915); Lekòl nasyonal (1898-1915). Otè a pase an revi tout tèks ayisyen ki pibliye soti nan lane 1804-1915. Nan sousi pou konprann istwa literati ayisyen an, otè a fè yon koudèy nan kontèks ak tandans tèks ki pibliye nan peryòd nou sot mansyone pi wo a.

Dieudonné Fardin repibliye nan lane 2014 powèm ki titre  » mon poème de chair », yon rekèy li te pibliye nan lane 1972.

« Toutes les femmes sont belles », se yon rekèy powèm li pibliye nan lane 2010. Nan lane 2018, Dieudonné Fardin se te youn nan 2 envite donè ki te gen nan « Livre en folie ».

Dieudonné Fardin rann dènye souf li jounen 4 jiyè 2021 an. Yon mapou tonbe. Peyi Dayiti pèdi yon gwo moun. Dieudonné Fardin an, yo te fè konnen li se ekriven, pwofesè ak powèt. Editè, li fonde jounal ki te rele « le petit samedi soir ».

Jackson junior Rinvil

Angeline Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …