AYITI/FIZIYAD NAN DÈLMA 32 AK KRISWA : MINISTÈ KONDISYON FANM AK DWA FANM( MKFDF) MANDE POU LAJISTIS FÈ LIMYÈ SOU ZAK KRIMINÈL SA.

Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm( MKFDF) mande lajistis nan peyi Dayiti pou fè limyè sou zak kriminèl ki sot pase nan lannuit 29 ak 30 jen 2021 an. Nan yon nòt pou laprès li fè soti, ministè kondisyon fanm pou dwa fanm fè konnen Marie Antoinette Duclaire tap goumen pou yon sosyete pi jis kote fanm ak gason te jwi menm dwa, menm privilèj._

Peyi a pèdi, daprè RNDDH 15 moun pou piti nan zak asasinay ki fèt Dèlma 32 ak Chriswa 29 ak 30 jen an. Marie Antoinette Duclaire ak Diego Charles se te nan moun yo ki tonbe anba bal nèg ak zam.

Ministère kondisyon fanm pou dwa fanm pa rete san li pa di anyen sou sa.  » Devan zak san pitye sa yo, peyi a kontinye pèdi sitwayen ak sitwayèn ki pran gwo angajman pou rive chanje sosyete patriyaka, sa vle di sosyete kote gason ap domine. Se nan travay sa Marie Antoinette Duclaire, yon fanm djanm te kwè », ekri nan nòt la.

« Ministè kondisyon fanm pou dwa fanm pwofite mande lajistis nan peyi Dayiti pran tout mezi pou fè limyè sou zak kriminèl ki sot pase lannuit 29 ak 30 jen an », daprè nòt la.

MKFDF kwè se paske pa gen konpwomi ant pouvwa a ak opozisyon an ki lakoz klima ensekirite a ap detòrye konsa. » Nou envite tout aktè pran chimen dyalòg pou nou degaje yon konpwomi politik kap garanti yon klima sekiritè yon fason pou tout sitwayen ak sitwayèn ka sikile san kè sote », daprè ministè kondisyon fanm pou dwa fanm.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …