ESPÒ/KOUP DEWÒP 2020: CRISTIANO RONALDO FAVORI POU RANPÒTE SOULYE DÒ A

Malgre Pòtigal elimine depi « 1/8 de final », Cristiano Ronaldo se youn nan favori yo pou ranpòte tit meyè bitè koup Dewòp 2020 an._

Cristiano Ronaldo ak Patrick Schik gen senk (5) gòl yo chak nan tèt klasman bitè a koup Dewòp la. Yo gentan elimine nan konpetisyon an. Daprè UEFA, enstans k ap jere foutbòl ewopeyen an, lè gen egalite nan kantite gòl yo se pas desizif kap depataje jwè yo. E menm nan ka sa, atakan vedèt Juventus Turin an devan paske li gen yon pas desizif.

UEFA detèmine kritè yo lè gen de jwè ou plis ki gen menm kantite gòl. Lè sa rive, se nan pas desizif UEFA prale pou li ka bay twofe a.

Cristiano Ronaldo favori. Anplis 5 gòl li make nan tounwa, li te bay yon pas desizif nan match ki te mete bab pou bab Pòtigal kont ekip Almay la.

Gen de (2) jwè nan konpetisyon an ki poko elimine ki gen 3 gòl yo chak : Sterling (anglè) ak Dolberg ( danwa). Si yo ka 2 gòl pou piti yo ap egale Cristiano Ronaldo e si yo make 3 gòl yo ap devan nan klasman bitè a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …