AYITI/ ELEKSYON: KEP A FIKSE DAT POU DEWOULMAN TIRAJ OSÒ NIMEWO KANPAY YO.

_13 jiyè 2021, se dat sa konsèy elektoral pwovizwa a kenbe pou dewoulman tiraj osò nimewo kanpay pati politik ki anrejistre nan pwosesis elektoral la. Pòt pawòl KEP a, Hubert Jean, nan yon konferans pou laprès, pwofite okazyon an pou li prezante kritè yon pati politik osnon yon regwoupman pati politik dwe respekte pou li patisipe nan pwochen eleksyon ki ap gen pou reyalize nan peyi a._

Konsèy elektoral pwovizwa( KEP) a se aksyon li ap poze chak jou pi plis nan pwosesis pou reyalize eleksyon yo nan peyi a. Nan lokal enstitisyon an jounen madi 6 jiyè a, Hubert Jean, pòt pawòl KEP a, fè konnen soti 6 pou rive 12 jiyè 2021 se dat sa KEP a chwazi pou tout pati politik ak regwoupman pati politik vin enskri epi konfime patisipasyon yo nan pwosesis elektoral la.

« KEP a chwazi dat 13 jiyè pou fè tiraj osò pou kapab bay pati politik ak regwoupman politik yo nimewo yo ap bezwen pou yo kapab al mennen kanpay. Sepandan, enskripsyon an liy kandida yo ap gen pou kòmanse soti 14 pou bout 20 jiyè », enfòme pòt pawòl KEP a.

Pòt pawòl KEP a, mesye Hubert Jean fè konnen KEP a egzije ak pati politik e regwoupman pati politik yon pakèt pyès pou yo kapab enskri epi konfime patisipasyon yo nan eleksyon yo, pami yo : Ak rekonesans chak pati ki fòme regwoupman pati politik la ; Ak rekonesans pati politik la ; Yon dokiman ki sètifye gen yon antant ki jwenn sou kesyon anblèm pati politik la ki, daprè Hubert Jean, gen yon pakèt enpòtans.

« Tout pati politik ki abitye patisipe nan eleksyon pap bezwen ranpli yon fomilè pou konfime patisipasyon yo nan pwosesis elektoral la », pawòl Hubert Jean. » Tout pati politik ki ap patisipe premye fwa nan eleksyon dwe ranpli yon fomilè pou anrejistre », kontinye pòt pawòl KEP a. Selon Hubert Jean, rejis elektoral la ap fèmen 60 jou avan jou eleksyon yo.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …