LEMOND / DRAM : POU PI PITI KATÒZ (14) MOUN MOURI NAN CHIKAGO PANDAN FÈT ENDEPANDANS ETAZINI.

Pou pi piti katòz (14) moun mouri ak swasant katòz (74) lòt blese anba nan eta Chikago, pandan week-end  pase a nan okazyon fèt endepans peyi Etazini kat (4) jiyè 2021 an.

Nan lis moun ki blese yo gen senk (5) timoun pami de (2) tifi ki gen laj senk (5) ak sis (6) lane ak de (2) polisye  » sa fèt twò souvan, se trajik pou yon moun deside touye yon timoun inosan » se sa chef polis David Brown deplore nan jounen lendi senk (5) jiyè a nan yon pwen pou laprès.

Nou ap siyale, nan lane 2015, toujou nan eta Chikago, te gen kenz (15) moun ki mouri nan menm okazyon fèt nasyonal Etazini. Fòk nou di, peyi Etazini kite pran endepans yo kat (4) jiyè 1776, depi dat kat (4) jiyè rive toujou gen gwo selebrasyon jounen sa.

Dieuva Occidor

Kredi foto:AFP

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …