AYITI/ ASASINA: KOMISYON  EPISKOPAL NASYONAL JISTIS AK LAPÈ  KONDANE ZAK ASASINAY KI FÈT SOU  PREZIDAN JOVENEL MOÏSE 

Nan yon nòt pou laprès komisyon jistis ak lapè mete deyò mèkredi sèt (7) jiyè 2021 an, kondane zak asasinay prezidan repiblik la Jovenel lakay li nan Pèleren senk (5) komin Petyon vil.

Daprè nòt pou laprès (CJILAP)la, zak asasinay prezidan Jovenel Moïse la, se yon krim anplis mete sou sa ki pase deja yo, òganis dwa moun lan ki poze kesyon pou di: » kòman yon gwoup ki te gen gwo zam fann fwa nan men yo rive brize tout dispozitif sekirite kay fanmi prezidansyèl la epi rive asasinen chèf Leta ak blese madanm li grav? Kote divès ajan kite plase pou sekirize fanmi prezidansyèl la te ye ki fè gwo zak sa rive fèt? Kòman gwoup byen ame sa yo rive kite byen fasil Pèleren senk (5) aprè yo fin fè krim lan? » se seri kesyon sa direktris nasyonal komisyon jistis ak lapè a madan Jocelyne Colas poze.

(CJILAP) mande ak otorite responsab yo nan Leta a, lapolis ak lajistis, pou mennen bonjan ankèt pou fè limyè sou zak kriminèl sa a pou jistis ka fèt. komisyon an ki voye senpati bay pitit, fanmi, zanmi prezidan repiblik la, ak swete yon bon retablisman ak madanm Martine Moïse.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …