AYITI/ASASINA: PREZIDAN JOVENEL MOÏSE RESEVWA 12 KATOUCH, DAPRÈ CARL HENRY DESTIN.

_Jij depè Carl Henry Destin, ki tal fè konsta kadav prezidan peyi Dayiti a ki tonbe anba bal moun yo pa rive idantifye fè konnen Jovenel Moïse resevwa 12 katouch._

Selon jij de pè a gen bal ki pran prezidan an nan tèt, nan je ak nan zòrèy, krim sa rive nan lannwit 6 pou rive 7 jiyè 2021 kote se sèl prezidan ak madanm li ki viktim, madan prezidan an bò kote pa li resevwa twa (3) bal youn nan dèyè, youn nan senti ak nan men selon enfòmasyon nou rive jwenn.

Direktè jeneral Lapolis nasyonal la, Léon Charles anonse gen 4 prezime asasen Jovenel Moïse ki tonbe anba bal Lapolis ak 2 lòt ki arete.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …