ESPÒ/KOPA AMERIKA: MESSI AK NEYMAR FAS A FAS NAN FINAL KOPA AMERIKA

Batay galaktik nan estad marakana a. Gran jwè brezilyen an, Neymar ak jwè idòl Ajanten an, Messi ap fas pou fas jounen samdi a nan final Kopa Amerika k ap fèt nan peyi Brezil._

Konfwontasyon sa ant 2 nan pi gwo jwè ki nan tounwa a se okazyon pou Messi ak Neymar ranpòte premye Kopa Amerika a yo avèk seleksyon peyi yo.

« M te toujou di sa, Messi se meyè jwè mwen potko janm wè k ap jwe. Se yon gran zanmi, men nou an final kounya. Nou se rival. E mwen vle genyen. Mwen vle genyen paske se ap premye tit mwen tou », deklare Neymar. Blese, Neymar te rate Kopa Amerika 2019 Brezil te ranpòte a.

« Lè w gen yon zanmi ki pral advesè w, li difisil pou w bliye amitye a. Men lè w ap jwe ak zanmi w, ou vle bat li nenpòt jan e samdi se ap sa », deklare ansyen koyekipye Messi nan Baselòn, Neymar.

Messi bò kote pa l ki gen 34 lane sou tèt li, meyè bitè ak meyè pasè tounwa a ak 4 gòl epi 5 pas desizif, final sa se pral youn nan dènye okazyon pou Messi ranpòte yon twofe majè avèk Ajantin.

Final sa pou Balondò Ajanten an, se okazyon pou l brize malediksyon ki sou do l avèk (4) final pèdi ( mondyal 2014, Kopa Amerika 2007, 2015, 2016) e an menm tan mete fen ak peryòd dizèt entèminab kote dènye fwa Ajantin te leve yon twofe majè a se te lane 1993.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:eurosport

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …