AYITI/ATAK: GREFYE KI TE NAN KONSTA KADAV JOVENEL MOÏSE YO ANBA GWO MENAS

Nan yon nòt asosiyasyon nasyonal grefye ayisyen yo (ANAGH) mete deyò jounen lendi douz (12) jiyè 2021 an, denonse gwo menas grefye ki te nan konsta kadav ansyen prezidan repiblik la ap sibi.

Daprè nòt asosiyasyon nasyonal grefye ayisyen yo (ANAGH), fè konnen grefye Marcelin Valentin ak Waky Philosterne ki nan tribinal lapè Petyon vil la, ap resevwa gwo menas.

Prezidan ( ANAGH) la mèt Martin Ainé, montre prewokipasyon li gen aprè menas ki ap fèt sou grefye yo , li mande ak minis jistis ak sekirite piblik la Rock Felleur Vincent, pou mande otorite yo pou pwoteje grefye sa yo.

Pou fini, mèt Ainé Martin, ki mande ak grefye ki viktim yo pou pote plent kont « X » nan kad seri menas yo ap resevwa yo.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …