LEMOND/DIFE: SENKANT DE (2) MOUN MOURI KANKANNEN NAN YON SANT KOVID 19 NAN PEYI IRAK.

Pou pi piti senkant de (52) moun mouri kankannen nan sant lopital kowonaviris nan Nasiriya, ki twouvel nan Sid peyi Irak, katastwòf sa vini de (2) mwa aprè yon gwo dife ki te lakoz katreven (80) moun mouri nan lopital Bagdad.

Daprè bilan pwovizwa pòt pawòl otorite sanitè lokal Irak yo, Haydar al-Zamili, prezante ayè lendi a fè konnen gen senkant de (52) malad kowonaviris mouri nan dife sa ak venn de (22) lòt ki sòti blese.  » viktim yo mouri kankannen e n ap kontinye ak rechèch yo pou jwenn lòt moun lòt ki vivan yo » se deklarasyon premye minis Irak la, Moustafa al-Kazimi.

Nou ap siyale, pou kounye a maladi kowonaviris la k ap taye banda nan peyi Irak deja touye disèt mil moun (17 000) ak yon milyon kat mil moun (1,4)ki deja trape maladi kowonaviris la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …