KOVID-19/ GOLD CUP: GEN YON PAKÈT JWÈ KI P AP KA JWE POU SELEKSYON AN NAN MATCH KONT KANADA

Ka Kovid-19 yo pa sispann ogmante nan seleksyon nasyonal ayisyen an kap patisipe nan gold cup nan peyi Etazini. Duckens Nazon, Roberto Louima, Bryan Alceüs ak Zakary Herivaux teste pozitif nan kowona viris nan mwens pase 48è anvan match Ayiti kont Kanada._

Alòske grenadye yo ap gen pou jwe kont Kanada demen swa nan yonmatch desizif, malerezman gen sou yon pakèt jwè yo pap ka konte.

Seleksyonè nasyonal la, Jean Jacques Pierre an rezon ka kontaminasyon Kovid-19 yo pap ka konte sou Duckens Nazon, Roberto Louima, Bryan Alceüs ak Zakary Herivaux.

Ayiti gen obligasyon pou li fè yon bon rezilta kont Kanada si li ta vle rete nan konpetisyon an. Seleksyon nasyonal la te tonbe 1-0 kont peyi Etazini nan premye match li te jwe a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …