ROSEMOND JEAN FÈ KONNEN PWASON FÈ DLO KONFYANS EPI SE DLO KI BOUYI LI

Nan yon konferans pou laprès la, Rosemond Jean voye senpati li bay fanmi, zanmi, patizan, senpatizan ak alye Jovenel Moïse. Nan kad konferans pou laprès sa, Rosemond Jean fè konnen se livre yo livre Jovenel Moïse_ .

« Nou denonse livrezon ki fèt de prezidan Jovenel Moïse la paske prezidan Jovenel Moïse se livre yo livre li. Nan sans, pwason fè dlo konfyans epi se dlo ki bouyi li », deklare alye PHTK a, Rosemond Jean.

« Lè w gade legliz, kit se legliz katolik, kit se legliz pwotestan an ak yon pati nan laprès la, oligachi a, yo tout mete ansanm yo mobilize, yo sansibilize peyi a, yo mete peyi a envivab pou jistifye lòske yo va touye Jovenel pou l pase tankou yon lètalapòs « , pawòl Rosemond Jean.

« Yo met lajan. Yo moute avyon. Yo al nan kongrè. Yo al tout kote pou yo jwenn mèsenè pou yo vin touye Jovenel Moïse paske yo prepare pèp la mantalman », deklarasyon Rosemond Jean.

Rosemond pa kwè nan demach otorite yo tanmen pou bay Jovenel Moïse jistis. « Sèl moun ki ka bay prezidan Jovenel Moïse se pèp ayisyen an », daprè Rosemond Jean.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …