AYITI/ ASASINA: MADAN PREZIDAN REPIBLIK LA REMÈSYE TOUT MOUN K AP SIPÒTE L YO.

Premye dam repiblik la Martine Moïse, pibliye yon foto sou kont twitè pandan li kouche sou kabann lopital nan peyi Etazini, kote madanm ansyen chèf Leta remèsye tout moun k ap sipòte l yo.

Nan yon twit sou kont ofisyèl li madanm Martine Moïse, deklare nou ap site  » Mèsi ak tout moun ki ap ede mwen priye pou mwen rejwenn lavi.
Paske tout tan ou lopital lavi w nan men Bondye ak doktè.
Mwen menm Martine Moïse mwen poko kwè Mari mwen ale konsa devan je m san ke li pa di mwen yon dènye mo, doulè sa a pap janm pase.

Nou ap siyale, madanm Martine Moïse, te viktim nan asasina kite fèt sou mari li ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, nan Pèleren senk (5) nan lannwit (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …